Guard Your Mind

Sermon  •  Submitted
0 ratings
· 13 views
Notes
Transcript
Sermon Tone Analysis
A
D
F
J
S
Emotion
A
C
T
Language
O
C
E
A
E
Social
View more →

Guard Your Mind

, , ,
Ki sa ke panse ye? Panse se pa yon aktivite ko ke li ye. Panse se yon aktivite de namm. Paske nan namm nan nou jwen emotion, volonte e intelijans. Nou di intelijans paske ou pakapab panse sans intelijans e de meme ou pakap intelijan san panse. panse ak intelijans mache ansamb.
Ou kapab genyen yon move aktivite nan namm ou. Le yon moun genyen yon move panse nan tet li, li genyen yon movez aktivite nan namm li. Ki sinyifi ke namm li prodwi des movez choz.
Lom nan gen twa parti. Lom nan gen ko, nam e lespri. Kan namm lom nan gen move aktivite la dan ni, lom nan anjandre movez panse.
Nou kapab di tout ke panse lom nan se opinion lom nan li ye tou. Sa ki andedan ou lan. Se opinion ou. Menm pandan ke ou chita la ou ap formule des opinion andedan ou. Ou gen opinion de service la. Ou gen opinion de mesaj lan. Ou gen opinion de moun kap prechce a. Se sa ki panse a. Opinion ou.
Refleksyon ou osi se panse ou. refleksyon ou se abilite ou genyen pou ou kapab pran informasyon e medite sou li epi ou kimbe sa ki bon an epi ou jete sa ki move a. Se panse ou.
Genyen tou de move refleksyon. Gen moun nan refleksyon li move anpil. Moun nan te met nan gran pozisyon, refleksyon kapab move.
Imajinasyon osi se panse. Ou pakapb imajine yon bagay san ke ou pa panse ak li. Imajinasyon se yon bagay interieure ke li ye. Yon bagay ke ou kreye andedan ou.
Gen mou ki pa peche exterieurman, men ki nan panse yo kreye des imaj interier ki koz ke yo tonbe nan peche. Yon moun gendwa pa kouche avek yon fi ou bwen yon gason fizikman men li tonbe avek li nan imajinasyon li.
Imajinasyon se yon kapasite ke ou genyen nan ou pou kreye andedan ou des chose.
Panse osi se kote oubwen pati nan lom nan ki pou kreye. Avan ke lom nan kreye yon bagay, li panse avan. Li pa posib pou yon om kreye yon bagay san ke li pa panse. Machine ke ou ap kondwi an, avan ke li te kreye lom lan te panse avek li. Rad ke ou genyen sou ou an avan ke ou te achte li nan magazin ke ou achte li an, yon moun te panse a fe li. Le ou gade yon bel kay ou di wow, men avan sa se yon moun ki te panse a fe li.
Si lom nan kapab panse a fe bel bagay sa yo, lom nan osi kapab panse a kreye de chose movez tou. Lom nan leve yon maten li panse a antre nan yon lekol epi rale zam li epi li komanse a tire sou moun. Lom nan we ke yon lot gen yon bagay ke li pa genyen epi li deside kreye yon fason pou fe lot nan mal. Le nou gade nou we nasyon sa leve kon yon lot nasyon. fre sa leve kont fre sa. Se sa leve kont se sa. Tout bagay sa yo se son des panse.
Frem ak sem yo, avan ke ou we aksyon an konen ke li te deja kreye nan panse an. Se sak fe pa pote trop atansyon ak aksyon ou men plito pote plis atansyon ak panse ou. Aksyon ou selma yon revelasyon pou ou pou montre ou sa ki nan panse ou. Si aksyon ou yo se move aksyon yo ye se sepaske panse ou move. Men si se bon aksyon ke yo ye se paske yo se panse ki pur.
Mwen ta vle ou konen ke panse se baz de tout aksyon. Si lom nan panse byen li ap aji byen. Konsa you si lom nan panse mal li ap aji mal.
Aksyon ou detemine sa ki nan panse ou e osi karakte ou e osi destine ou. Sak nan panse ou, nenpot sa ke li ye a si ou kontinye ap fe li li vin tounin yon abitud e le ou abitud lan kontinye repete li vin anjandre karakte. Se sak fe nou tande moun di se konsa ke mwen ye. Se konsa ke mwen grandi. e Karakte ou va detemine destinasyon ou. Si se nan syel ou bwen nan lanfe ke ou prale.
Panse lom nan se yon bagay ki reelman aktiv. Li toujou ap travay. Panse ou kapab menen ou nan syel eli kapab menen ou na lanfe. Bagay ke ou ap panse ak li an va detemine ki aksyon ke ou komet.
Lom osi se panse. La parole declare nan proveb 23:7 Jan lom nan panse nan ke li a se konsa ke lom nan ye. Si ou bezwen kon lom nan jis gade li e ou va kon nen li. Paske jan ke li panse nan ke li se konsa ke li ye.
Si yon lom se yon lom ki extravagan se paske nan panse li, li extravagan. Lom nan vini avek machine li, li desan soulye li byen klere, linet nan je li, chen li nan kou li wa pa kousin li, prezidan pa bope li men dan nan bouch li se lo. Le ou we yon bagay konsa, konen ke se pa konsa konsa ke li mete bagay sa yo sou li men konen ke se konsa ke andedan li ye na panse li. Jan lom nan panse a se konsa ke li ye.
Lom nan pakab fe anyen san ke li pa panse de li. Lom pa kon sa ki nan ke lom parey li, men aksyon lom nan revele sa ki nan panse lom nan. Se sak fe frem ak sem yo, veye sou sa ke ou ap panse pi plus pase sa ke ou ap fe paske se sa ke ou panse ki detemine sa ke ou fe.
Ou pakab mete aksyon ou yo yon konte epi panse ou yon lot kote. Ou pa kapab mete la vi ou yon kote epi panse ou yon lot kote. Gen moun ki di yon bagay move ak yon lot moun, yon bagay ki reelman blese ke lot lan. Epi li di mwen pa tap panse ak sa. Koman ou fe patap panse ak sa? La bib declare nan Car c'est de l'abondance du coeur que la bouche parle.
Panse ou pa yon jwet. Bondye pap jwe avek panse ou. Paske lom nan pli mache selon sa ke lo kapab we, li bay aksyon yo plis inpotans. Men Bondye li men pagade sou deyo men li gade andedan.
Lom akoz lom nan se bagay deyo ke li gade, li jije sou sa ke li we. Paske fre sa pote bib li chak jou li vin legliz fre sa ke kretyen. Men kom jen fi sa mete cheve nan tet li li pa kretyen. Tandiske, andedan jen gason sa, panse li tre sal, pandake panse jen fi sa ap glorifye Bondye.
Le ou antre nan you cimitye, gen kadav ki gen bel fle sou yo. Gen de kadav menm ki gen bel tonbo, ak bel pawol ekri sou yo. Men anba kadav sa gen yon ko ki pouri. Wi deyo an byen bell men andedan pabon.
Gen moun ki di, mwen pap touye moun, mwen pap vole, mwen pap fe adilte, mwen pap joure moun, men andedan ke li li tuye moun, li komet adilte e paske li pa fe bagay sa yo fizikman li panse ke sa pa grav. Nan ansyen testaman akoz de febles lom nan Bondye desan nan nivo lom nan pou di lom nan pa fe sa...
Men le Jesus vini li di lom konsa, si quelqun regarde une famme...
Proverb declare si yon moun femen je li pou li livre tet pou fe sa ki mal....a de ja komi le peche.
Pou Bondye depi ou femen je ou epi ou komanse a imajine des panse impure, ou deja peche. Poukisa? Paske Bondye pran panse nou o serye. Pou Bondye pa gen diferens ant panse ou e aksyon ou. Sa ou panse, pou Bondye ou fe li.
Genyen anpil mou ki va etone le yo rive devan Bondye epi li di yo retire ou sou mwen … pa paske yo te fe kelke choz mal fizikman, men paske panse yo pat pur.
Labib declare ke Bondye nan prov. 6:18 ke Bondye rayi movez panse. Mwen pa fe anyen se panse selman ke mwen panse..
Kan ou di map tuye ou… pou Bondye ou deja fe li. Le ou di si se pat pou Bondye fi sa mwen kouche avek li ou bwen gason sa mwen kouche avek li pou Bondye ou deja fe li. Le ou di ke moun sa mwen pa vle wel li, pou Bondye ou deja fe sa.
Problem anpil moun se ke deyo yo sin men andedan yo pouri.
Related Media
See more
Related Sermons
See more